Kijan Pou Modifye Pwofil Ou
Mete infòmasyon'w nan pwofil ou.
Li trè enpòtan pou gen yon pwofil ke moun ka rekonèt, sa ap fè li pi fasil pou kliyan kontakte'w epi li ap fè moun ki wè piblisite'w yo gen plis konfyans ke ou serye.
Pou pati sa'a, nou sipoze ou konnen ki jan pou enskri sou lakaymwen.com. Si'w pa konnen, chèche pou "kinja pou enski" nan sant èd la.
Pou modifye pwofil ou'a, ou dwe deja ouvri yon sesyon, w'ap konnen sesyon'an ouvri lè'w wè anvlòp ble'a.
Premyèman, klike sou ikòn koneksyon'an jan li montre nan foto'a.

Ou pral jwenn yon meni, ou bezwen chwazi "Edite Pwofil".

Ou pral moute sou yon paj pou modifye pwofil la.Premye bagay se mete yon foto pwofil.
Klike sou ikòn kamera'a epi telefòn ou ap prezante'w opsyon pou chwazi yon foto.

Meni telechaje ou wè'a pral depann de kalite telefòn ou.
Premye foto a se pou iphone (IOS).
Dezyèm foto a soti nan android.


Lè'w fin chwazi foto'w vle'a, li pral mete ajou otomatikman.

Ranpli liy endike yo, yo nesesè pou lè'w nan kesyè'a epi li fè'l pi fasil pou moun kontakte'w sou paj piblisite'w yo.
Non, Siyati obligatwa lè'w ap peye, mete yo pou pa bzewn mete yo pita.
Kalite itilizatè'a ba'w 4 chwa, "Machann", "Endividi", "Ajans", "Founise", chwazi sa ki asosye avèk ou.

Ou kapab tou mete lyen nan pwofil medya sosyal ou yo sou sit diferan yo montre yo.

lè ou fini ak tout enfòmasyon ou vle mete yo, peze Mizajou, epi ou fini.

Si w rechaje paj la, w'ap wè foto'w chwazi'an.

Foto nan meni an ap mete ajou tou.

Sa se ki jan moun pral wè kat kontak ou sou piblisite'w.

Ou ka modifye pwofil ou nenpòt lè ou vle.